Edem demare yon biznis ki kreye travay pou jèn an Ayiti!

Edem demare yon biznis ki kreye travay pou jèn an Ayiti!

2 Campaigns
0 HTG
Pledged
0
Backers
84 Days Left
Days Left
Raised:
0%
Goal: 100 000 HTG
Minimum amount is G150 Maximum amount is G900000

Select Donation Amount

Or Enter Donation Amount

Minimum: 150 HTG

Story

*Deskripsyon Pwojè : Yon Nouvo Wout pou Jèn Ayisyen nan Biznis – Vann Pépé an Gwo*

Mwen se yon jèn Ayisyèn nan 20èn ki gen yon vizyon klè pou kreye opòtinite pou tèt mwen ak lòt jèn nan peyi a atravè antreprenarya. Pwojè mwen an vize lanse yon biznis vann pépé an gwo, kote nou pral bay ti machann ak gwo distribitè aksè dirèk ak pri konpetitif sou pwodwi yo bezwen pou vann.

Nan yon peyi kote chomaj ak mank resous konn limite kapasite jèn yo, mwen vle sèvi kòm yon pon pou fasilite aksè a machandiz bon kalite pou ti biznis yo, epi kreye ti travay tankou kesye, livreur, ak lòt pozisyon nan ekip mwen an.

Pwojè a pral sèvi kòm yon platfòm ekonomik ki bay jèn yo yon lòt wout pou yo devlope ekonomikman, pandan n ap kontribye nan ogmante aktivite komèsyal nan kominote a. Mwen kwè nan fòs antreprenarya ak solidarite pou amelyore lavi nou.

Avèk sipò ak yon bon jesyon, biznis sa ap pote benefis dirab pou mwen menm, ekip mwen, ak tout moun ki patisipe nan chèn distribisyon an